Istwa Ayiti ak Mit Fondatè yo: Ant memwa, silans ak manipilasyon
Mit fondatè yo, se istwa yo rakonte pou bay yon nasyon idantite, men ki pafwa sèvi pou:
fè pèp la obeyi,
kache konfli reyèl yo,
oswa jistifye domination nouvel élit yo.
Nan ka Ayiti, Revolisyon 1791–1804 la se yon evènman san parèy nan listwa limanite. Esclav ki leve kont pi gwo pouvwa kolonyal epòk la, kraze sistèm esklavajis la, epi fonde premye repiblik nwa lib. Sa a se yon verite istorik .
Men, kestyon an se :
👉 Ki pati istwa a yo mete devan, e kiyès yo fè silans sou li ?
Souvan, diskou ofisyèl la redui revolisyon an kèk figi senbolik, san li pa esplike:
divizyon sosyal ant ansyen esclav ak lib de koulè,
konfli ekonomik apre endepandans lan ,
Kestyon tè, lajan, ak pouvwa leta.
Gen mit ki fè kwè :
endepandans lan te pote libète pou tout moun,
nasyon an te ini nèt après 1804,
pwoblèm Ayiti yo soti sèlman nan etranje.
An reyalite, listwa Ayiti se tou listwa batay entèryè, kote pouvwa, tè, ak richès te vin konsantre nan men kèk gwoup, pandan majorite pèp la te rete sou kote.
Sa pa diminye grande revolisyon an. Okontrè.
Sa pèmèt nou konprann Ayiti pi byen, san adorasyon avèg ni rejè tèt nou.
Rekonstriksyon memwa istorik la se yon devwa.
Paske yon pèp ki pa konprann listwa li an pwofondè, vin prizonye mit yo — e mit yo ka tounen chenn nouvo.

Commentaires
Enregistrer un commentaire